BEC D'HAITI BUREAUX ELECTORAUX COMMUNAUX / HAITI . - Radio News 24 Haiti

Breaking

Home Top Ad

Design-sans-titre

Post Top Ad

Responsive Ads Here

mardi 16 juillet 2024

BEC D'HAITI BUREAUX ELECTORAUX COMMUNAUX / HAITI .

Not pou laprès

Nou menm manb BEK nan Tout 149 Jiridiksyon elektoral peyi Dayiti salye laprès pale, Ekri ,anliy ak televize

Nou pran Mikro laprès Jodi an pou n denonse ak tout fòs nou abi Administrasyon Konsey Elektoralpwovizwa ap fè nou köm pyon enpotan nan machin elektoral la, malgre enpotans nou Direksyon Egzekitif la deside pa peye nou aprè plis pase 40 mwa travay .

Manb BEK yo denonse direkté Egzekitif la Max Delice ki pa manifeste okenn volonte pou n rive touche sa leta peyi nou dwe nou .

San konte fon de roulman ke n te dwe jwenn chak mwa pou fonksyonman biwo an .fon sa pa janm rive jwenn manb BEK yo sa ki lakòz nan dives travay nou deja reyalize tankou enskri manb Biwo Vöt, sipèvize

Ajan Sekirite Elektoral, ak evalyasyon sant de vot gras ak aplikasyon kobokolek Tout rive fet ak zong nou .

Manb BEK yo nan tout komin ki nan peyi an mande oganizasyon kap defann dwa moun yo eske yo pa moun yo menm?

Manb BEK yo mande jounalis ki se direkté Opinyon eske yo pa konte kòm moun nan sosyete an .

Manb BEK yo mande premye Minis Garry Conille ak tout Gouvènman li an an menm tan nou mande Konsey Prezidansyel Tranzisyon an eske Manb BEK yo pa konte ?

Pou rezon sa nou menm manb Bek yo nou mande Otorite yo ki konsène :

• Peye nou tout mwa aryere Salè nou san kondisyon.

• Ba nou frè de fonksyonman biwo BEK yo.

• Revoke Prese prese Direktè Egzekitif KEP Max Delice pou enkonpetan ak malveyan ak soupson koripsyon

• Rezoud san pedi tan problem ensekirite a.

• Mete kanpe san pedi tan yon konsey elektoral pwovizwa nan sousi pou n rive oganize eleksyon poun renouvle pesonel politik yo.

• Manb BEK yo ap raple ke yo pa vin fè politik yo se anplwaye leta Ayisyen ki entegre enstitisyon an soubaz konkou konsa dwa nou tout dwe respekte 

Se pou Bondye Lavi an kontinye veye sou Ayiti.


     prezidan

   David Wilde

 

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Post Bottom Ad

Responsive Ads Here

Pages